Kilti ~ Piblisite ak lòt mesay ann Ayiti
(a) “Aksyon sivik: Ann ede timoun lekòl yo,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(b) “Mande Poul Ble - Magi - orijinal la,” Kenskòf, Ayiti, 2001
(c) “Nwèl Lapè,” Pòtoprens, Lali, Ayiti, 2001
(d) “Kontra latè pral fini – Bib la pale,” Pòtoprens, Kafou, Ayiti, 2001
Kesyon
1. Ki kalite sèvis gason nan foto (a) ap rann timoun yo?
2. Defini mo
“sivik” la nan foto (a).
3. Dekri imaj ki sou mayo a nan foto (a).
4. Kisa
ou ap mande poul ble a nan foto (b)?
5. “Magi” nan foto (b) se ki kalite
pwodui?
6. Eske ou kwè Magi "orijinal" vre?
7. Ki rapò “Nwèl Lapè” genyen
ak eslogan politik ki te kouran ann Ayiti lè sa a?
8. Ki kalite mesay èske
nou wè nan foto (d)? Kijan èske l diferan pa rapò ak mesay nou deja gen tan
wè?
Foto yo pa Benjamin Hebblethwaite
Return to Haitian Creole Courses