Ou se yon gid pou yon òganizasyon ki ede moun ki sòti lòt peyi yo konnen
Ayiti pi byen.
Jodi a ou mennen yon gwoup diplomat etranje yo nan yon ti tou
Pòtoprens. Diplomat se patnè ou, ou se gid la. Diplomat la vle konprann kisa
mesay li wè yo vle di. Fòk ou esplike. Li nesesè pou ou esplike dapre kontèks
sosyal ak istorik yo. Chwazi twa mesay pou esplike epi chanje wòl yo.
• “Koudeta pa koudeta, RAMIPAC ak Titid 2001”
• “Ede pwoteje, respekte
fanm paske fanm se zouti repwodiksyon”
• “21 Me fini nèt: mèdrèd”
• “Nwèl
lapè”
• “Fòk kriminèl yo jije anvan eleksyon”
• “Mande poul ble. Magi:
orijinal la”
• “Titid, se ou n ap tann”
• “Lapè nan vant, lapè nan
tèt”
• “Mesye dam, fè planin”
• “Aristid, jèn Tokyo avè ou pou 2001 ka bon
toutbon”
• “Kontra latè pral fini – Bib la pale”
• “Wè pa wè, 2001
rèd”
• “Lapè se lespwa Ayiti – COMILRÈB 8”
• “Pa gen jistis san
dezokipasyon Ayiti peyi a – APN”
• “Aksyon sivik, ann ede timoun lekòl
yo”
• “Nou p ap bay legen nan batay la – COMILRÈB 8”
Apre nou pratike
kèk gwoup pral fè yon ti demonstrasyon devan klas la.