Kilti ~ Mesay politik nan Ayiti 2
(a) "K(omisyon) E(lektoral) P(wovizwa) ban nou biwo, nou vle vote 19 mas
2000,"
Pòtoprens, Ayiti, 2001
(b) “Lapè se lespwa Ayiti,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(c) “21 me (2000) fini nèt MÈDRÈD,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(d) “7 FEVRIYE 2001: Lapè nan tèt, Lapè nan vant,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(e) “Nou p ap bay legen nan batay la,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
Kesyon
1. Mesay ki nan foto (a) sijere ki kalite sitiyasyon?
2. Si K.E.P. pa t ap
mete ase biwo, ki rezilta sa t ap genyen?
3. Mesay nan foto (b) soutni ki
kandida politik? Kijan nou konnen sa?
4. Nòt: eleksyon 21 me a te konteste.
Poukisa mesay nan foto (c) sanble genyen yon atitid agresif oswa defansif?
5.
Nòt: “7 Fevriye 2001” se te dat inògirasyon prezidan Aristid la. Dekri afich (d)
a.
6. Foto (e) ap pale de ki kalite batay?
7. Eske egzanp grafiti nou wè
anwo yo ede oswa nwi sa nou rele demokrasi?
8. Eske grafiti se yon fòm
demokrasi?
Foto yo pa Benjamin Hebblethwaite