Prefas pou Pyebwa frenn nan

Powèm sa a, dapre rechèch nou fè, se premye powèm ansyen franse ki tradui nan lang kreyòl ayisyen an.

Dapre pifò chèchè, powèm, kont ak tradiksyon Mari de Frans yo parèt nan dezyèm mwatye douzyèm syèk apre Jezi Kri, sa vle di ant 1155 ak 1200. Jodi a nou pa konnen anpil sou lavi Mari de Frans, ni tou, nou pa konnen non fanmi li, ni ki kote li te viv ak kisa l te aprann. Kèk chèchè di Mari te viv ann Angletè paske dapre yo menm ki moun an Frans t ap bezwen siyen non l de Frans? Anplis, poutèt aspè nòman ki gen nan ansyen franse li t ap ekri a, yo gen tandans di li te fèt nan peyi Lanòmandi epi te al viv lòtbòdlo ann Angletè (sid zile sa a te genyen anpil kolon nòman apati 1066 apre Jezi Kri). Akòz gwo valè tèks li yo te genyen tou, anpil chèchè yo di l sot nan yon fanmi ki gen kòb, yon klas sosyal yo te rele “aristokrasi,” ki te vle di nan tan lontan, “boujwa.” Gen lòt save ki kwè l te leve nan yon Kay Sè e se la l te pran tout fòmasyon l. Petèt tou, powèm Pyebwa frenn nan ta ka revele kèk evènman nan lavi li? Nou pa konnen!

Nan tout tèks li ekri yo nou jwenn jodi a de liv laten li tradui nan ansyen franse, Espurgatoire Saint Patriz ak Fables. Le Fraisne, an kreyòl, Pyebwa frenn nan, se yon lais, sa vle di yon fòm literati k bay yon bèl istwa nan yon powèm byen rime. Ou a wè nou pa t two sere kole ak rim yo yon fason pou n pa pèdi sans tèks la. Pyebwa frenn nan se youn nan douz istwa-powèm Mari te ekri.

Nou ta renmen raple pou lektè yo ki jan nou te fè pou n twouve bèl powèm sa a. Fòk nou di nan tan lontan, lè Mari t ap ekri a, Lewòp pa t kò genyen enprimri, ekriven te konn kopye tout dokiman yo alamen e yon tèks, sa te koute tèt nèg nan libreri. Se grasa tout ekriven lontan yo ki te konsève bèl tèks yo ki fè nou ka jwenn tèks sa jodi a.

Nou kontan anpil pou n te ka prepare ti travay sa a pou n ogmante piblikasyon nan kreyòl ayisyen. N ap di mèsi pou korèksyon Daniel O’Sullivan, Ph.D., fè sou tèks ansyen franse a.

Lang kreyòl ayisyen an se sèl zouti ki ka penmèt tout ayisyen nèt patisipe nan devlopman peyi a san diskriminasyon. Alfabetizasyon se limyè devlopman ak chanjman totalkapital. Tradiksyon sa a nou dedye l pou tout ekriven kreyòl alawonnbadè. Nou swete yo pral kontinye pwodui pi plis toujou pou jeni lang kreyòl la ak kilti l va blayi tribòbabò sou tout latè.

Benjamin Hebblethwaite ak Jacques Pierre,
Bloomington, Indiana, U.S.A., 2001

Return to Benjamin Hebblethwaite's Haitian Creole Homepage