Entwodiksyon nan tradisyon boudis la [Nouvo vèsyon 9/21/2004]
pa Benjamin Hebblethwaite

Estati Bouda nan peyi Japon

Estati anwo a reprezante Bouda. Ou twouve estati sa a nan peyi Japon an. Estati sa a se nan zòn Kamakura-no-Daibutsu. Estati sa a te parèt nan ane 1252.

Bouda se te yon mistik ak yon pwofesè ki te viv apepre 500 ane anvan Jezi Kri. Li te fèt nan peyi Lend e se la li te pase tout lavi li. Bouda te fèt nan yon fanmi wayal men li te renonse sa pou li vin yon mwàn ak yon pwofesè. Yo di Bouda te rete nan yon gwo palè enpi li te gen yon madanm ak yon pitit lè l deside, a laj de 29 an, pou l pran chemen lapòvrete ak renonsyasyon an (Armstrong 2001: 32). Li te konmanse yon lòt lavi pou kont li kote li t ap pase tout tan li nan meditasyon ak reflèksyon. Li te kite rad wayal li yo pou l mete rad koulè jòn mwàn yo te konn mete (28). Apre l te vin eklere ak libere, lè l te fin konprann fon pwoblèm egoyis la, li te soti nan lemonn pou l bay leson. Bouda te kite fanmi li ak pozisyon l pou li chache enpi pratike yon chemen liberasyon ki te ka soulaje soufrans tout limanite.

Bouda gen yon mesaj ki ni filozofik ni sosyal. Bouda te di sèl fason limanite kapab libere tèt li de soufrans li genyen an se pou li koupe chenn atachman yo. Moun atache a bagay, moun atache a nou menm! Tout moun ap plede di tèt yo ‘mwen se msye oswa madan entèl, mwen se sesi, mwen se sela, sa se pou mwen, ban m sa,’ eksetera. Pou Bouda, atachman sa yo mennen nan soufrans ak lanmò. Bouda te ofri yon sistèm lide ak aksyon ki penmèt moun yo reyalize liberasyon ak eklerasyon.

Bouda pa te asepte sistèm klas relijyon Endou a, se swadizan sosyte “kas” la [caste] ki gen tras istorik li nan tradisyon vedik nan relijyon endouwis la (Armstrong 2001: 27). Liv Rig Veda a se te yon kolèksyon chan endou ki te parèt apepre kenz syèk anvan Jezi Kri (Radhakrishnan and Moore 1970: 3-4). Anpil otè okou plizyè jenerasyon te pwodui chan ak filozofi ki parèt nan Rig Veda (3-4). Kilti Aryen an (se gwoup ki te anvayi enpi domine nan nò Lend epòk Rig Veda a), se te yon sosyete ki te chaje ak anpil règ sou konpòtman sosyal. Epòk sa a, tankou jounen jodi a, nan peyi Lend lan yon moun te fèt enpi li te mouri nan yon klas sosyal ki te predetèmine pou li menm. Anpil kas egziste. Pa egzanp, genyen kas “bramàn” nan (ou gen eritaj Aryen enpi ou se grannèg, prèt, oswa bòkò). Genyen kas “ksatriyas” la (ou gen eritaj Aryen enpi ou se yon wa, yon chèf seksyon oswa yon sòlda). Genyen kas Vaysyas (ou gen eritaj Aryen, ou se yon peyizan, yon bòs, yon atizan). Lè fini genyen yon nivo ki pi ba toujou, se kas “Soudra” a (ou pa gen eritaj Aryen, ou pa gen dwa konnen anyen nan relijyon ak sosyete Aryen an, ou chire, ou entouchab) (Zimmer 1951: 59). Kote ou fèt, se la ou ye lavi diran. Anba pa monte, anwo pa desann, ou kole.

Bouda li menm te nan yon zòn nan Lend ki nan lès la kote koze kas la pa t twò popilè konpare ak zòn lwès la kote koze kas la te toujou enpòtan pou yon bann moun (Armstrong 2001: 27). Armstrong di sosyete moun nan zòn lès la, zòn Bouda a, te pi popilis (2001: 27). Yon lòt faktè ki te enfliyanse mesaj anti-kas Bouda a se te devlòpman rapid yon klas sosyal konpoze pa machann ki t ap vwayaje. Machann ki t ap vwayaje yo epòk sa a pa te kapab sèvi ansyen bondye endou yo kòmsadwa, yo te santi yo malalèz nan sistèm kas la enpi yo te santi yo lage nan yon vid espirityèl (Armstrong 2001: 23). Poutan machann sa yo t ap vin genyen plis pouvwa; pandan pozisyon wa yo t ap desann, pozisyon machann yo t ap monte (20). Devlòpman ekonomik sa a te kreye yon bezwen pou yon mouvman espirityèl altènatif.

Rejete yon sistèm klas ki pwofite chabrak yo ase se yon koze ki sanse radikal. Poutan, Bouda te bay leson pandan plis pase trant ane nan lès peyi Lend lan enpi pèsonn moun pa janm kloure nèg la sou yon kwa. Genlè tout moun nan peyi pa l la te onore l. Annefè Bouda te fèt nan yon epòk kote fòs chanjman yo t ap vanse sou anpil fwon. Sanzatann Bouda te gaye yon filozofi ki bay yon altènatif totalkapital kote tout limanite te ka bwè san distenksyon.

Wi, Bouda se te yon nèg kè kal, yon nèg lapè. Lè fini, li te mouri nan granmoun li. Te gen yon milyon mwàn ak devwe ki te asiste fineray li. Akoz bonte Bouda a avèk ladrès mouvman boudis la, jounen jodi a toujou genyen yon pakèt moun nan lemonn antye k ap venere l pou sa li te montre limanite.

Dapre sa m konnen, poko gen okenn tèks boudis ki pibliye an kreyòl. Poutèt gwo valè ak jeni filozofi boudis, li enpòtan pou l parèt an kreyòl. Filozofi boudis chaje ak bon liv, men mwen te vle tradui Damapada a paske se yon tèks ki trè bèl enpi ki gen anpil bon leson pou tout moun ladan l.

Mwen pa t sèvi ak nenpòt vèsyon Damapada a, men yon vèsyon tibeten ki soti nan yon tradisyon boudis ki vivan enpi dinamik depi dikdantan. Sa vle di, vèsyon nou itilize a, se yon vèsyon ki fè pati yon tradisyon boudis ki toujou la enpi ki egziste depi plis pase mil ane.

Se vre, vèsyon orijinal la te parèt an premye nan lang Pali a. Lang Pali a se yon lang yo te pale nan lès Lend lan. Piti piti boudis ki t ap pale lang Pali a te vin disparèt. Dayè pratik boudis la te desann nèt nan Lend men l te kontinye djanm deyò peyi Lend lan nan peyi tankou Tibèt, Lachin, Kore, Japon, Taylann ak lòt peyi ankò. Nan peyi tankou Tibèt oswa Kore toujou genyen yon kominote boudis ki anfòm nèt. Konsa, vèsyon kreyòl mwen an baze sou yon vèsyon angle ki li menm baze sou yon vèsyon tibeten ki li menm baze sou vèsyon orijinal nan lang Pali a. M poko wè yon vèsyon angle ki pi klè pase sa ki site anba a:

Anonim. 1985. Dhammapada. Tradui de pali an tibeten pa dGe-’dun Chos-’phel; tradui an angle de tibeten an pa Dharma Publishing Staff. Berkeley: Dharma Publishing.

Tradiksyon sa a se yon travay preliminè. Menm si tradiksyon mwen an manke yon souplès natifnatal, m kwè l vo lapenn ofri l bay piblik la kanmenm. Tanzantan mwen pral mete yon lòt chapit ki sòt nan Damapada a sou sitwèb sa a.

Bibliyografi

Anonim. 1985. Dhammapada. Tradui de pali an tibeten pa dGe-’dun Chos-’phel; tradui an angle de tibeten an pa Dharma Publishing Staff. Berkeley: Dharma Publishing.

Armstrong, Karen. 2001. Buddha. New York: Viking.



Back to Ben Hebblethwaite's Homepage